×

Écho-Lakay's video: URGENT Yon Pwofes Manke Mouri Paske Li Sanble T t Koupe Ak Prezidan Jovenel Moise

@URGENT !! Yon Pwofesè Manke Mouri Paske Li Sanble Tèt Koupe Ak Prezidan Jovenel Moise
Yon Pwofesè Manke Mouri Paske Li Sanble Tèt Koupe Ak Prezidan Jovenel Moise. @Zen Lakay News @UNISSONS NOUS @LOVE POU HAITI @MACHANN ZEN HAÏTI @TAK 509 @La Perle des Antilles @Tripotay Lakay @Kesnel Dorlean @Èskew te konnen ? @Radio Télé Pacific @Bouyi Zen TV @San Limit Production Jodia nou Mercredi 24 fevrier 2021 se 1er sòti bulletin enfòmasyon nou pou jodia. Nou di tout moun Bonjou bonswa, oumenm ki fenk dekouvri channel sa a, nou di w byenvini, ou sou channel 100% enfòmasyon an, enfòmasyon nan Bon ti mamit, e san fòs kote. Nou envite w gade videyo sa jiska la fin, paske nou pote bon jan enfòmasyon pou ou kote yon sitwayen manke mouri, endividi sou moto agrese li just paske li gen resanblans ak prezidan Jovenel Moise. Tout detay yo se pou talè konsa. Epi ankò nou pote yon demanti ak enfòmasyon sa a kap sikile sou tout rezo sosyal yo ki ta fè kwè ke 2 dominiken yo jwenn liberasyon yo e yo ta retounen touswit nan peyi yo. Yon expert an negosiyasyon nan peyi repiblik dominikèn mande a otorite dominikèn yo pou yo fè tout sa yo kapab pou yo rezoud sitiyasyon 2 dominiken sa yo prese prese san yo pa mete an danje relasyon bilateral 2 peyi sa yo. Ret branche, nap vini ak tout detay yo talè konsa. Epi ankò toujou nan menm dosye 2 dominiken yo ak Ti Neg ki se yon ayisyen ki te akonpanye yo, Plizyè etidyan nan fakilte lenguistik te leve kanpe ayè maten 23 fev 2021 an, kote yo te bloke antre fakilte a pou mande liberasyon Ti Nèg prese prese. Nou gen son nou gen imaj, chita byen chita nap vini ak tout detay yo talè konsa. Men Avan nou rantre nan tout detay yo, kite n diw: Pa ezite bannou yon LIKE nan videyo sa a, pou w kapab ankouraje nou pi plis pote enfòmasyon pou ou. Asire w ke ou abone sou channel sa a, ou aktive klòch notifikasyon an, retire l sou pèsonalize, mete l sou tout, pou w pa rate okenn enfòmasyon ke nap pote chak jou. ENFOMASYON! SAMUEL PHILION se nom yon pwofesè ki se an menm tan direktè kolèj SHEKINA nan vil Gonayiv dil gen anpil difikilte poul deplase kite vil la akoz anpil endividi toujou ap agrese li paske li sanble tèt koupe ak prezidan jovenel Moise. Selon sa Pwofesè a fè konnen, li te manke viktim nan zòn 3 men ki sou wout ayewopò a nan pòtoprens kote nèg sou moto te menm gentan akizel kòm frè prezidan jovenel moise. Mèt Philion pat pran tan li te al rankontre laprès wikenn pase a pou mete tout moun okouran, li pa ni pwòch chèf leta, ni nonplis yo pa sot nan menm zòn, li mande tout popilasyon an pou evite fèl pase kòm moun pa prezidan jan sa ap fèt la. Pwofesè SAMUEL PHILION, ale pi lwen pou l di sitiyasyon lap viv la bal anpil pwoblèm kotel pa an mezi deplase pou al okenn kote ke rete nan vil Gonayiv kote moun yo plis konnenl. Li fè konnen rankont ak laprès sa sepoul mete tout popilasyon ayisyèn lan okouran ke se pa vre ditou li pa gen okenn lyen ak jovenel moise malgre anpil moun efektivman wèl sanble ak prezidan peyi a JOVENEL MOÏSE tèt koupe. Panik sa vini daprè pwofesè SAMUEL PHILION, depi aprè mouvman yo kòmanse kote sèten sektè kinan opozisyon an ap egzije depa chèf leta sou pouvwa a, sa ki metel nan sitiyasyon vrèman difisil poul sikile sitou nan lòt vil ak lòt depatman yo. Men eske nou wè towo a sanble ak Prezidan an vre? Wa kite repons paw la nan yon kòmantè anba videyo a. Antouka! Nap kontinye ak enfòmasyon yo pou n pote yon demanti ak enfòmasyon kap sikile ki ta fè kwè ke bandi libere 2 dominiken yo e yo gentan retounen nan peyi yo a. Nap few konnen ke se yon movèz entèpretasyon de yon enfòmasyon ke jounal dominiken an Diario Libre pibliye ayè 23 fev 2021 an, kote li fè konnen ke gen 2 dominiken ki retounen nan peyi a e ki tap travay ak 2 frè sa yo ke yo kidnape nan lakou peyi Dayiti a. Alors, anpil moun ki petet pa konprann enfòmasyon an, defòme l, e fè kwe ke bandi ta libere 2 dominiken ki te kidnape a yo. Sepandan yon gwo expert an negociation nan peyi repiblik domikèn Nelson Espinal Baez egzije pou ke republique dominicaine prese prese fè tout sa l kapab pou rezoud sitiyasyon 2 dominiken sa yo ke bandi kidnape depi dimanch 21 fev 2021 an, men a yon sèl kondisyon pou yo pa mete an danje relation haitiano-dominicaine nan, lè nou konnen deja kisa Ayiti reprezante pou repiblik dominicaine nan zafè komès. Nelson Baez ale pi lwen pou l raple ke tout dominiken nenpòt peyi ke yo ta twouve yo sipoze jwenn pwoteksyon nan men gouvènman peyi sa. De tout fason nap rete swiv dosye sa, osito ke gen evolisyon ladan l nap pote l pou ou byen rapid. Video Shoot: Echo Lakay Montage: Echo Lakay Production: Echo Lakay News Theme 2 de Audionautix fait l'objet d'une licence Creative Commons Attribution 4.0. https://creativecommons.org/licenses/by/4.0/ Artiste : http://audionautix.com/ Pou plis video, tanpri zanmi m yo, abone sou channel Echo Lakay la nan link sa: https://www.youtube.com/channel/UCJYcTA0WRWzwy6WIj0zG7Jw?sub_confirmation=1

225

51
Écho-Lakay
Subscribers
230K
Total Post
304
Total Views
1.2M
Avg. Views
24.1K
View Profile
This video was published on 2021-02-24 20:29:10 GMT by @%C3%89cho-Lakay on Youtube. Écho-Lakay has total 230K subscribers on Youtube and has a total of 304 video.This video has received 225 Likes which are lower than the average likes that Écho-Lakay gets . @%C3%89cho-Lakay receives an average views of 24.1K per video on Youtube.This video has received 51 comments which are lower than the average comments that Écho-Lakay gets . Overall the views for this video was lower than the average for the profile.Écho-Lakay #ayititoday #haitinewsnow #haitinews #Bandi #Lapolis #PNH #Ayiti #Haiti #Kidnaping Video has been used frequently in this Post.

Other post by @%C3%89cho Lakay